Kolèj nou yo
Florida College System
Kolèj ki nan eta Florid yo toujou rete prensipal pwen aksè nan etid siperyè pou eta Florid, avèk 65 pousan nan moun ki resevwa diplòm etid segondè yo epi ki kontinye pouswiv etid post-segondè ki kòmanse nan yon kolèj ki nan menm eta Florid lan, epi 82 pousan nan etidyan premye avèk dezyèm ane etid inivèsitè ki soti nan gwoup minoritè epi ki frekante lekòl segondè piblik ki ale nan youn nan 28 inivèsite eta Florid yo.
Mansyon avèk Etid Inivèsitè Antisipe/Doub Enskripsyon yo atire etidyan ki pami sa ki pi entelijan yo epi politik pòt louvri inivèsite yo pèmèt etidyan ki bezwen ratrapaj yo resevwa konpetans yo bezwen yo pou yo kapab swiv kou nan nivo inivèsitè. Anpil etidyan nan kolèj leta yo se premye moun nan fanmi yo kap fè etid inivèsitè. Aprenan ki se granmoun adilt yo swiv kou inivèsitè pou devlopman pwofesyonèl avèk pèsonèl yo, oubyen yo fè sa pou kòmanse yon nouvo metye.
Pi fò nan etidyan ki enskri nan kolèj Florid yo fè sa pou renouvle zouti pwofesonèl ki a dispozisyon yo oubyen resikle fòmasyon yo pandan peryòd ralantisman ekonomik. Nou angaje a fon pou nou kontinye kenbe pòt nou louvri, epi pou ede etidyan yo resevwa fòmasyon yo bezwen an pou amelyore lavi yo epi patisipe nan relans ekonomik eta nou an.


Technical College System
Kolèj Teknik nan eta nou yo konsevwa pou satisfè bezwen mendèv imedya rezidan nou yo. Yo ofri edikasyon avèk fòmasyon teknik ki baze sou sa kap pase nan divès sektè yo, men nou ofri tou edikasyon de baz avèk edikasyon jeneral pou granmoun adilt bay rezidan sa yo ki bezwen ankadreman anplis oubyen pou ekivalans diplòm high school lan. Kolèj Teknik yo reprezante yon gwo pati nan popilasyon estidyantin nou an epi yo travay nan kolaborasyon sere avèk enstitisyon Sistèm Kolèj Eta Florid lan pou gwoupe nan pwogram diplòm diferan klas moun genyen pou yo swiv.
Aktyèlman, eta Florid lan genyen 48 kolèj teknik ki a dispozisyon aprenan pòst-segondè yo eksklizivman epi yo ofri bon jan sètifika pwofesyonèl, sètifikasyon pou divès sektè epi diplòm teknoloji avanse ki pa vin avèk diplòm inivèsitè. Aksè nan pwogram sa yo ouvè epi souvan yo ofri pwogram moun kapab akimile. Eta Florid lan se youn nan ti kantite eta nan peyi an kote kolèj teknik yo desèvi aprenan post-segondè sèlman epi yo tout omologe anba konsèy fòmasyon pwofesyonèl Council on Occupational Education lan.